
Se te premye jou Rara Leyogàn. Depi granm maten, pawòl la ap pale nan tout baz. Nan tout blòk. Tout moun an penpan. Genyen ki blije al nan mache pou yo parèt nèf devan bann nan pita. Pou y al bay piwèt anba lanp bò kot kolonèl la. Moun sa yo parye ak frèt kach la, kiyès k ap souflete latè pi fò. Kiyès k ap voye plis pousyè nan nyaj.
Depi peryòd sa rive, chak yon moun Leyogàn rale souf li, se son banbou li pouse deyò. Chak batman kè, se yon tanbou ki bat nan zantray. Se yon kwachi k ap souke nan chak branch trip. Chak dwèt moun Leyogàn se yon tcha-tcha. Nou toujou pot cha-o-pye nan talon. Kleren tounen kaskad. Bann nan ap desann nan lanmè.
Premye jedi rara, se jou pou bann yo al fè ginen esplikasyon. Di bonjou nan chak jouk lwa. Angajman an se lanm lanmè. Pwoteksyon se nan nas nou kenbe sa. Zo koke nan gòj tout sèvitè tèt di. Mwen menm se Sen Toma. Ane a kanmenm, fòk mwen wè koulèv sila k ap defile sou pye mapou a, lè son rara voye dlo nan figi bitasyon an. Poudi se ta kretyen vivan k ap naje nan basen an yo batize koulèv la ?
Gen fanatik ki ban m pinga, kwa Manman m ak Papa m pou m pa pile bann yo. Pawòl limyè pa janm byen donnen nan tè fènwa. Mwen gen yon rara nan tèt mwen. Men reyalite a se sou beton an, nan demanbre ak nan kav yo. Chak bann rara se dyaman. Menm si l ap jwe ak krizokal nan kou. Se chante. Gouye. Ouvè kò w. Fèmen bouch ou. Si w vle louvri l, se pou w krache flè nan pye larèn Anakawona.
Malgre tèt mwen te chaje kou ze kana, kè m anba kòd yon dous yon cho, lanjelis annik parèt pwent tèt li, pye m pile beton an. Bann nan pran direksyon demanbre li. Devan bann se pou Touris, se pou mativi. Plezi a se dèyè bann nan. Kote tout gran banbochè yo sanble. Dèyè bann, van an pote tounen tankou lanm lanmè, tout son enstriman yo pouse devan.
Se dèyè bann ki gen bèl bout anba k ap vire toupi, tankou lè Manman m ap bwase mayi moulen ak kiyè bwa. W a ta di se sèk ti gason te konn woule nan tan lontan. Anpil gwòg gentan pèdi lavi yo. Mwen santi m anlè pandan m pèdi nan yon bout anba. Gwòg nan tout très cheve m. Vonvon nan ren m. M ap kannale ale.
Diery Marcelin

Diery Marcelin, diplômé en Droit et finissant en Communication sociale, est un jeune entrepreneur et écrivain.
Il a un intérêt particulier pour la littérature, l’art et les affaires.