Èske Sentwoz Gwo Bèf ak Ti Malis Kache (TMK) se fanmi ?

Èske w konnen Sentwoz gen menm mizik demanbre ak TMK ? Anplis sa, gen yon dal moun Tirivyè ki gen bitasyon Kasany. 2 eleman sa yo te fè m panse ka gen lyen lafanmi ant 2 bann yo. Se t ap yon gwo plezi pou mwen paske se 2 bann kè m epi y ap mennen mete sou li.

Pou m jwenn repons, mwen chèche konnen depi kilè Sentwoz epi TMK ap chante mizik demanbre sa epi kisa ki te pase ki pouse yo chak anbrase l ?

« …Yon sèl lanmò Bondye mete
Ti Malis o reziye w o
Reziye w Ti Malis o reziye w
Lè n pral monte teras lan y a fè sa yo vle
Bann lan rive oooo…»

« ….Yon sèl lanmò Bondye mete manman Sentwoz reziye w o
Reziye w manman Sentwoz reziye w… »

Nan fè ti koze ak kèk pi gran, mwen vin konnen TMK ap chante pawòl sa yo depi zòn 1954, si n kwè Reynold Laurent, dirijan, pitit bann Kasany lan. SentWoz bò kote pa l adopte chante sa an 1963 sou kout plim sanba Majoka, si n kwè responsab bann dola a, Roger Monvil.

San n pa relouvri paj fènwa sa nan listwa rara Leyogàn nan, n ap konprann rapid vit se evènman 54 yo TMK te viktim ki te enspire yo pawòl sa yo. Ebyen 9 lane aprè, se menm advèsè Malis la ki te bay Sentwoz piga pou l pa pile vil la. Sa ki ta pral mete nan bouch fanatik bann Kwapè a menm koze yo.

Alabaz tout bann se zanmi. Sof nan ka kote gen yon evènman ki mete yo dozado. Men gen bann ki plis ke zanmi. Nou ta ka rele yo fanmi. Se nan ka kote yo pataje yon eleman ki lye yo tankou lespri, bitasyon nan ka Laflè ak Mourassé ; yon paj listwa (Modèl ak Laflè Diwòz) ; yon alyans polemik (Tenò), elt.

Gen anpil lòt egzanp fanmitay nan rara a tankou Laflè ak Tirayè ; fanmi ki konn pa twò zanmi, TMK – Mandegranmoun – Wosiyòl, Modèl Dayiti 1e ak Wozoli, ak anpil lòt.

Èske ti paj listwa sa, kote nan yon moman Sentwoz ak Malis te gen menm anfas epi tanmen chante menm mizik, pa ta ka fè n konsidere yo kòm lafanmi ?

Wiliam Semé

Mwen se William Semé alyas Will Sem .Yon Jenn antreprenè ki gen pasyon pou kilti an jeneral, vodou ak rara an patikilye.

View All Posts

Laisser un commentaire