Jan The Thinker te anonse l depi kèk jou, ADBRAL konfime yo p ap pami enstans k ap òganize festivite rara yo ane a, nan Leyogàn. « Nou refize ale nan yon echèk pwograme », prezidan enstitisyon an Grégory Jean Paul lache nan yon pwen près, mèkredi 21 fevriye a, nan Obsession Night-club.

ADBRAL prezante 3 prensipal pwen ki esplike yo wete kò yo. Dabò, gen yon pwoblèm tan pou yo prepare epi ateri ak vizyon yo pou reyalizasyon evènman an. Malgre plizyè demach, daprè responsab ADBRAL yo, pa rive gen yon komite pèmanan ak yon manda 2 lane jan yo te swete sa.
Yon lòt kote, ADBRAL pa sispann reklame yon rapò sou depans dènye komite a ki pa janm rive jwenn li, toujou selon dirijan ADBRAL yo. Mete sou sa, Asosyasyon dirijan bann rara yo ap mande siyati URAL pou yon rekonesans dèt ki te 2 milyon goud, ki vin 250 mil goud aprè yon vèsman 1 milyon 750 mil goud, sou defile 2023 a. La Meri ak ADBRAL siyen rekonesans dèt sila.

« Plizyè bann manb ADBRAL te pare pou pa patisipe nan defile 2024 la. Men nou mande yo pa fè sa. Si demann nou yo pa jwenn satisfaksyon, sa pral rive nan pwochen festivite a », Grégory Jean Paul anonse.
Boutofen, jenn ekonomis ak kwonikè ekonomik la fè konnen gwoup l ap prezide a ap toujou sipòte bann manb li yo epi prezan ak estann yo sou pakou a. Vandredi sen, chak bann yo (18) ap resevwa 50 mil goud epi delege aktif yo ap resevwa frè tou, Grégory Jean Paul konfye redaksyon The Thinker.