Ekip vakans Yogann yo kriye yon bon pye ki tonbe

Pou pi Piti, de(2) ekip vakans Leyogàn reyaji aprè lanmò foutbolè Alezy Olnick, ansyen jwè yo, yè mèkredi 28 fevriye a.

« Ale an pè chanpyon. Altavela FC p ap janm bliye w », ekip Maryani Tè Fòs la reyaji sou paj Facebook yo.

« Se ak anpil lapenn komite B-12 de corridor ann ayiti tankou lòtbò dlo, ap anonse lanmò Alesy Olnick, nou plis konnen sou non Fabregas, ki t ap bay sèvis li depi kèk lane nan ekip lan. Bon travèse Olnick, w ap rete vivan nan memwa nou », nou li sou paj Facebook wouj e nwa Kwapè yo.

Nan moman komite nòmalizasyon an ap fè tout dènye demach pou lanse chanpyona nasyonal espesyal la, redaksyon The Thinker magazine aprann lanmò bridsoukou milye tèren vedèt Arcahaie FC a, Alezy Olnick ki gen ti non jwèt « Fabregas », nan aprè midi mèkredi 28 fevriye a.

Pandan yon ti amizman nan kalsyo bò lakay li, Olnick ta pral kite rankont lan akoz yon malèz. Kèk minit aprè, li tonbe san konesans bò tèren an kote l te ret kanpe, avan l al rann dènye souf li sou kabann lopital.

Nouvèl lanmò sa ki deja gaye sou rezo yo, kite yon gou anmè nan bouch fanatik Arcahaie FC yo, men tou fanatik foutbòl nan yogann kote « Fabregas » te konn reprezante divès ekip nan chanpyona AJSL la.

Hisnaylos Germain

Je suis Hisnaylos Germain(Nay), journaliste sportif et culturel. Membre de l'AJSL et de Yogann Ap Pedale(YAP), je suis un passionné du sport, de la musique, de la lecture et aussi un amant du zin.

View All Posts

Laisser un commentaire