Wendyyy : « mantalite ganyan Ali Bomaye »

Nan yon son sou albòm TWA pati 2 a, ki titre “ Okey ” Wendy deklare « mantalite ganyan Ali boumaye ». Ak fraz sila a, GOAT la pa jis ap fè rap, li mete tèt li nan liy tradisyon moun ki mennen lagè pou diyite yo.

« Ali Boumaye » se yon ekspresyon ki pran nesans pandan match bòks « The Rumble in the Jungle », ki te fèt nan Kinshasa, kapital Zayi (Repiblik Demokratik Kongo) nan lane 1974 ant, Muhammad Ali ak George Foreman.

Tèm sa sòti nan lang lokal Lingala, e li vle di: “Ali, touye l ! ” (Ali, kill him ! an anglè).

Konpatriyòt Youssoupha yo ki te anba diktati Mobutu Sese Seko, t ap sipòte Ali pou yo ki te kòm yon senbòl batay kont opresyon, rayisman, ak pouvwa blan. Alòske Foreman li menm te parèt tankou sistèm opresyon an, menm si li te pote koulè ebèn tou, menm si li te silansye kontrèman ak Cassius Marcellus Clay Jr, sa pat anpeche chanpyon di mond bòks la te asosye ak fòs fènwa.

Istwa Ali ale pi lwen pase bòks, li se istwa yon nèg nwa ki te leve vwa l kont sistèm, ki te goumen ak kè l, pawòl li, ak ponyèt li. Tankou Wendy, li se GOAT. Se nan sans sa ll deklare : “ I am the greatest. I said that even before I knew I was.”

Wendy, tankou Ali, gen taktik dèyè chak fraz. Ali te kenbe pozisyon li kont lagè, kont sistèm. Wendy kenbe pozisyon li kont yon sistèm yo rele HMI, fo lidè, move pwodiksyon, e menm kont medya.

Jeffmy Cazeau

Laisser un commentaire