
Depi 2019, yon aktè tou nèf antre sou sèn rara Leyogàn nan. ADBRAL, yon asosyasyon dirijan rara ki sòti prensipalman nan dyaspora a, vini yon twazyèm tèt nan òganizasyon festivite yo, aprè yon ti moman bradfè ak ansyen aktè yo nan kòmansman li.

ADBRAL ki obsève pandan 2 lane epi patisipe nan 2 komite k ap reyalize defile yo, anonse pou sezon 2024 la, li p ap la, daprè yon nòt The Thinker genyen kopi l. Se yon gwo kou, lè n konsidere gwoup sa pandan li la, prete komite yo lajan pou pèmèt yo avanse avan Leta santral debloke chèk pa l la. Jiskounya, ADBRAL ap tann siyati Prezidan URAL la pou yon pwotokòl rekonesans dèt (250 mil goud sou 2 milyon prè ane pase).
Men se pa rezon sa ki esplike absans ADBRAL, daprè yon sous anndan enstitisyon an. Yon pwen pou laprès sou kesyon an ki te dwe fèt vandredi 16 fevriye sa repòte « Sine Die », pou « rezon estratrejik », toujou daprè sous The Thinker a.

N ap raple depi septanm 2023, ADBRAL te inisye « ADBRAL lakay ou ». Pwojè sa te vize debouche sou yon wonble ak dirjan bann yo, delege yo, pou mete sou pye yon komite rara ak yon manda ki ta prale sou plis ke yon sezon. Se te pou pa retonbe nan abitid planifye nan dènye minit la ankò.
Èske ADBRAL pa deside nan komite a paske plan sa pa t ateri ? Se yon fason pou fòse otorite yo planifye davans, epi pi byen ? Pwen près la va konfime.

Diery Marcelin, diplômé en Droit et finissant en Communication sociale, est un jeune entrepreneur et écrivain.
Il a un intérêt particulier pour la littérature, l’art et les affaires.