
Plizyè elèv nan lise « Deer Creek » ki chita kò l nan leta Oklahoma, peyi Etazini, niche pye kamarad yo pou lajan. Yon pratik seksyèl ki pote non « Pòm de tè ».
Aprè yon videyo ki montre pratik sa viral sou rezo sosyal yo semèn pase a, videyo ki dayè rekòlte plis pase senkant milyon kout pòpyè sou sòl ameriken an, plizyè pèsonalite piblik reyaji. Nan sans sa Senatè Oklahoma a Ted Cruz, ale pi lwen pou l kalifye zak sila a « Maltretans ».
Yon lòt bò, sipèentandan eta a, Ryan Walters, fè konnen pou kounye a y ap fè pwòpte nan lekòl yo nan eta Oklahoma, paske lòt videyo ta montre se pa sèlman nan Deer Creek ki genyen sitiyasyon fè « Pòm de tè » pou kòb.
Selon yon kominike lekòl la mete deyò, gras ak aksyon sila a, elèv yo ta rekòlte anviwon 150 000$ pou yon òganizasyon lokal yo pa revele non l.
« Pòm de tè », jan yo rele l ann Ayiti, se Yon pratik seksyèl, kote patnè yo souse zòtèy youn lòt. Yon aksyon ki eksprime lanmou ak anvi seksyèl selon kèk pratikan.
Jeffmy Cazeau Informaticien de formation, Jeffmy Cazeau est un mordu des réseaux sociaux, du Hip-hop et du business.