Kay Agwonòm menase disparèt

Kay Agwonòm se yon vèje plis pase 10 mil pye mango, ki chita nan zòn Tè Fòs ak Geren, nan nò Leyogàn, sou plis pase 23 kawo tè.

Se yon min lò, sou plan anviwònmantal, ekolojik, rekreyatif ak ekonomik.

Kay Agwonòm se yon poumon pou komin nan,  espesyalman seksyon Ti Rivyè, tankou Amazoni pou Brezil. Anba pyebwa yo, anmoure ak zanmi konn fè piknik, elèv lekòl ak etidyan inivèsite ki sòti toupatou Leyogàn ak nan peyi a konn vin fè ekskisyon. Kay Agwonòm te konn pwodui mango pou vann machann lokal yo an kantite epi voye lòt kote.

Agwonòm Georges Louis ki te kreye vèje sa nan lane 80 ak 90 yo, te oblije kouri kite li, pou sove lavi l. Depi lè a, goumen pou posede byen sa pa janm sispann. Se konsa, depi kèk lane, endividi ap koupe Kay Agwonòm ti kal pa ti kal, mete pye bwa atè pou monte mi.

Sitwayen Leyogàn yo pa janm sispann rele anmweyyy pou Kay Agwonòm pa fin peri. Èske leta lokal, nasyonal ak sosyete sivil la ap rete gade, jiskaske mèvèy sa disparèt ?

Diery Marcelin

Diery Marcelin

Diery Marcelin, diplômé en Droit et finissant en Communication sociale, est un jeune entrepreneur et écrivain.

Il a un intérêt particulier pour la littérature, l'art et les affaires.

View All Posts

Laisser un commentaire