
Eugène Dorcé ki gen non vanyan l nan sektè rara a « Samba 20 Dola », se pòt bonè Saint-André Bòlans depi 2020. Depi lè sa bann nan ap jwe byen, sitou ak yon bèl tèks « Travay pou make pwen », plim atis la ponn.
Youn nan pi gwo tole bann nan se moman yo te pèdi pandan yo t ap vin nan vil la. Sa te atire pwojektè tout pi gwo medya yo sou ble e wouj yo pandan yon bon bout tan.
Sa pat rete la, 2021 sou bagèt majik mwen, Grégory Jean Paul, kòm Visprezidan, nou defye bann gwo manman an Laflè diwòz nan bèlval plaza. Nou te kontinye sou menm lanse a epi bay tirayè 2-0, pase Modèl Dayiti tikè ale retou, fè top 5 pandan 3 fwa epi fini revelasyon ane 2021-2022 a.
Nan lari a, mizik Samba 20 dola t ap mitonnen moun. « Pran konsyans » ak « Lè 3 mann ». « Woule bòz la woule », s on refren ki marye ak nanm beton an, e menm fè la fimen pran fòm nyaj.
Sezon 2022-2023 a te kòmanse ak konfli menm jan ak anpil bann. Men pi gwo kout plim zòn nan, te fè yon gòl pou dyab tou nèf desous lan « Tout pou anba ». Menm si pat gen top 5, tout moun te konfime Sentandre se youn nan bann ki te kontinye ap jwe byen, jan sa ye pandan 3 dènye ane yo la.
Ane sila a, bann nan deside antre nan bòykotaj la pi fon. Youn nan tèks Samba 20 dola yo poko anrejistre. « Yo tout se lach » ak « Ka sa tris ». Pandan tout 1e wikenn nan, se pliss ansyen ak tèks tou nèf gwo sipèsta a yo jwe pou chofe beton an, pandan youn poko ale nan estidyo. Se pito « Sa sa ye la » Samba Love ekri, responsab yo chwazi.
Èske n ap kraze bann nan pou n jere ti gwoup nou, defann enterè nou ? Oubyen n ap dakò pa gen moun ki gen pwofil Sentandre pase Samba 20 dola ?
Se rara ki fè moun plis frekante zòn nan. Ann fè l byen ak moun ki kapab pou kontinye kenbe bann nan anlè. Malgre nou gen plis mwayen ane sila a, men nou pa montre n sou wout depase sezon 2021 an.
Pou moman n ap pale a, eta sante Samba a pa twò fin kòdyòm. Nou swete l bon retablisman pou l vin taye banda an bon flannè rara devan bann li.

Je suis Grégory Jean Paul, économiste de formation et chroniqueur économique.
Mes passions sont l’entrepreneuriat et le développement du rara, en tant que dirigeant de bande et d’association de rara.