
Kòmye se douzyèm seksyon kominal Yogann. Zòn sila a gen anpil repitasyon nasyonal kou entènasyonal nan koze eskil.
Kowòdonatè prensipal asosyasyon atizan nan seksyon sa a, Association des Sculpteurs de Cormier-Léogâne (ASCOL), Gilles Menard, te pale ak Thinker Magazine. Li esplike nou jan Leta Ayisyen bliye yo..Menard ekspoze pou nou pwojè yo pou Kòmye.
«Kòmye se prensipal kote zèv ki fèt ak wòch Ayiti sòti pou ale tout kote nan mond lan», si n kwè nimewo 1 asosyasyon an. Poutan, Gilles Menard esplike jan Leta santral bliye yo. «Kanta Meri Yogann, mwen mande tèt mwen èske gen yon direksyon kiltirèl nan enstitisyon sila a», konsa atizan an plenyen.
Sitiyasyon sa a pa anpeche ASCOL genyen gwo vizyon pou Kòmye. «Nou vle la a vin yon gwo vilaj atistik ak touristik. Epi pou l klase sou kat touristik peyi a yon mannyè pou moun sot tout kote vin vizite n», se ak pawòl sa a yo Gilles Menard pale n sou rèv li.
Pou tout sa a yo rive fèt, fòk genyen gwo travay ki fèt nan wout la a pou aksè a pi fasil. Epitou fòk enstans ki la a pou sa a panse pou limite dega rivyè kòmye fè lè li desann.
Diery Marcelin

Diery Marcelin, diplômé en Droit et finissant en Communication sociale, est un jeune entrepreneur et écrivain.
Il a un intérêt particulier pour la littérature, l’art et les affaires.
Bien