Kote bif Wendyyy/Fantom nan soti?

Wendy ak Fantom se de pami rapè non yo pa sispann site nan deba Rap ayisyen an pandan katòz dènye ane sila yo. Nan yon mizik ki gen pou tit « Traka », ki disponib depi plis pase 11 lane sou platfòm ameriken an YouTube, chèf « Chinwa » yo, Wendyyy, te rape: « Tigason sa son Traka vre mezanmi / E nèg Leyogàn li ye yo ka met yon baka sou li / Ey yow Fantom n ap moutre moun yo sa k Leyogàn nan ». Se te nan lide pou l montre a klè atis k ap mennen nan Rap game lan se moun site Anakawona a yo ye.

Aprè dominasyon san parèy Wendy Duvert sou Rap ayisyen an nan peryòd 2010-2011 yo, « King » nan ki t ap viv lwen peyi l ta pral rantre Ayiti pou yon vire won sou sèn. Nan estrateji maketing estaf li, yo ta pral pwograme plizyè sware ak atis Rap ki te pi popilè yo, nan fòma fas a fas. Pami atis sa yo te gen Izolan, Blaze One, Fantom.

Nan yon entèvyou « Aktyalite HMI », animatè popilè nan milye Rap la A.K.A Rbens fè konnen : « Lari a fè konprann gen yon jèn rapè ki rantre la ki tape Izolan, kidonk ou oblije di li bat BPC ». Prezantatè a te kontinye pou l di « Se nan sans sa nan next (pwochen) pwogram nan yo mete Fantom VS Wendyyy ».

Rbens etime Fantom te fè yon gwo erè ki ta pral fè anpil moun kwè rapè Barikad Crew a pèdi batay la nan pwogram sila ki te fèt nan klèb Okalbasta. Se te dezyèm fas a fas Wendyyy vs BPC. « Pa rapò ak pwovokatè Wendy ye a, Fantom ta pral pran nan jwèt la epi twouve l nan pozisyon pou l fè piblik la reyaji kont Wendyyy. Se lè sa li pral vini ak koze Sendyyy an », Rbens konfime avan l te pousib pou raple se te premye atak dirèk ant 2 rapè ki sot nan komin Leyogàn yo. Atak ki ta pral debouche sou gwo bif ki egziste nan mitan yo a.

Jeffmy Cazeau

Jeffmy Cazeau Informaticien de formation, Jeffmy Cazeau est un mordu des réseaux sociaux, du Hip-hop et du business.

View All Posts

1 comment on “Kote bif Wendyyy/Fantom nan soti?

  1. MWEN FELISITE W JEFFMY, OU ENTELIJAN ANPIL WI PASKE W PA DI KLÈ KE FANTOM BAT WENDYYY NAN FAS A FAS LA.🤣

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :