
Yogann (non jwèt Leyogàn) s on vil nan depatman Lwès peyi Ayiti. Li gen 11 seksyon kominal. Komin Yogann gen repitasyon nan mango, kleren, rit vodou « Petwo Doki » nou pa jwenn pyès lòt kote, elt. Men pi gwo mòso a se rara nou jwenn prensipalman nan 3 seksyon plenn yo. Leyogàn pote tit kapital rara a, menm si nou jwenn fenomèn sila nan kèk lòt zòn tankou depatman Latibonit.

Kisa rara ye ?
Rara se yon manifestasyon sosyal, mistik ak kiltirèl. Anndan l gen mizik ki marye enstriman tradisyonèl ak modèn, espirityalite, dans, plis lòt eleman fòlklorik. Li kòmanse jedi ki vini apre mèkredi makakri an ( mercredi des cendres ), dire 7 semèn karèm nan yo, pou fini nan defile a sòti vandredi rejiman (vendredi saint) pou dimanch sole vèti ( dimanche des Pâques ).
Nan Leyogàn, gen kav (fèt kote yon bann resevwa tout lòt zanmi l pou banboche epi manje), ki dire jis nan lendi kazimodo.
Mo rara a sanble jwenn orijin li nan non yon dye peyi Lejip « Ra », ki se dye solèy lan. Sa ta fè nou wè rara tankou fèt solèy, kidonk fèt lavi ak rekòt. Nou pa ka kite dèyè sans rara te gen nan Yoruba (Nigerya) ki pwòch lide « vakam ». Pa bò lakay nou, « fè rara » se sinonim « fè zen ».

Kibò Rara sòti ?
Rara jwenn tras li nan listwa anpil pèp avan li vinn dyayi kò l lakay nou, nan epòk prekolonyalis ak kolonyalis lan, kote « Sendomeng » te rasanble sivilizasyon ki sòti toupatou.
Gen anpil moun ki tache l ak labib. Swa nan istwa kote Noye te chase pitit li yo nan lach lan epi yo te pwofite mache chante pou yo ka pase fristrasyon yo. Oubyen selebrasyon pou lanmò Jezi. N ap kite pati sa nan rejis kwayans.
Lakay fransè yo, yo asosye rara ak yon fèt espirityèl ak kiltirèl pandan prentan nan epòk fewodal lan. Pou panyòl yo, rara jwenn sous li nan yon gwo fèt « La cruz », yo toujou selebre nan epòk pak lan. Pi pre nou, nan Meksik, rara donnen nan fèt dye solèy sivilizasyon Maya yo te toujou selebre pandan ekinòks prentan an.

Kijan rara fè rive Ayiti ?
Depi nan epòk prekolonyal lan, avan kolon yo te anvayi bout tè sa a nou ta pral batize Ayiti, gen yon dividal pratik ki fè panse ak rara. Daprè tras griyo yo kite, Kasik Anakawona te konn òganize yon kokenn chenn fèt lè li ap kite Yagwana (kasika ki te gen anndan l, tèritwa Yogann kounya a), pou li ale vizite mari l kasik Kawonabo nan Magwana (Latibonit), kote nou jwenn rara tou.
Avèk komès triyangilè an aprè ekstèminasyon kaptif arawak yo, afriken yo vin sou tè a 2 men yo, 2 pye yo. Men yo te pote abitid ak mès yo. Gen konnen ki panse rara sòti nan fason zansèt afriken nou yo te konn fete viktwa yo sou esklavajis yo. Men tou pratik animasyon pandan deplasman yo, sòti nan yon tribi pou ale nan yon lòt.
Chak fwa blan yo fini fete kanaval, zansèt nou yo ta pwofite fè rara pou yo pran ti plezi malgre gwo kalamite yo. Jodi a ankò, nou sòti danse pandan n kite traka n anba zòrye. Men tankou zansèt yo, nou pa bliye. Plan revolisyon an toujou ap mache.

Mwen se William Semé alyas Will Sem .Yon Jenn antreprenè ki gen pasyon pou kilti an jeneral, vodou ak rara an patikilye.